The Inner Workout Space

Rasinn Chakra Meditasyon

Bettia Prinston Season 1 Episode 4

Seri Meditasyon Sèt Chaka yo — Travay Anndan

Ekri ak vwa, Bettia Prinston


Byenvini nan yon vwayaj sakre ki travèse sèt sant enèji ki fòme mond enteryè w.

Seri meditasyon chaka sa a envite w ralanti, respire pwofondman, epi retounen lakay ou

—yon chakra a la fwa.


Nan uit epizòd ki plen lapè ak limyè, Bettia ap gide w nan enèji tè, dlo, dife, lè, vwa, vizyon, ak limyè diven.

Chak meditasyon fèt pou reyajiste enèji w, reveye sajès ou, epi ranfòse pon ki konekte lapè anndan w ak pouvwa ki deyò a.


SA W AP JWENN NAN SERI A:

🟤 Rasin — Fondasyon Anndan

🟠 Sakral — Koule Anndan

🟡 Plexus Solè — Pouvwa Anndan

💚 Kè — Lanmou Anndan

🔵 Gòj — Vwa Anndan

🟣 Twazyèm Je — Vizsyon Anndan

🤍 Kouwòn — Koneksyon Anndan

🌈 Entégrasyon — Rasanbleman


Kit ou nan yon peryòd gerizon, kwasans, oswa w ap retounen nanm ou apre yon jounen chaje, meditasyon sa yo ap rankontre w egzakteman kote ou ye a.


Peze play.

Respire fon.

E kite lespri w mennen w tounen nan sant ou.

Nou komanse ak 🔴 CHAKA RASINN: 

Fondasyon Anndan AN


Nan meditasyon sa a ki chaje ak estabilite, Bettia gide w nan Chaka Rasinn nan — sant sekirite, prezans, ak rasinn ou. Avèk respirasyon, vizyalizasyon, ak konsyans tou dousman, ou pral konekte ankò ak fondasyon ou epi sonje kijan li santi lè lavi ap kenbe w.

Epizòd sa a ede w lage laperèz, retounen nan verite ou, epi santi w pi anrasinen nan tèt ou.

Anrasinin nan estabilite, sekirite, prezans

Meditasyon sa a bon pou: enkyetid, panse twòp, chanjman, kòmanse yon nouvo chapit


Retounen lakay ou anndan ou.


Travay Anndan

Lapè Anndan. Pouvwa Deyò.

Support the show

✨Stay Connected with (Rete konekte ak ) The Inner Workout Space

🌿 Instagram: @theinnerworkoutspace

Facebook: The Inner Workout With Bettia

YouTube: Theinnerworkoutspace

TikTok: theinnerworkoutspace



If this episode spoke to your soul, please share it with someone who needs to hear it. subscribe, or leave a kind review. Every word of support helps this movement grow.


💛Si epizòd sa a te pale ak nanm ou, tanpri pataje li ak yon zanmi, abòne pou rete konekté oswa kite yon kòmantè. Chak mo ankourajman ede mouvman sa a grandi.

The Only Way Out Is In

Sèl Chemin Soti Se Rentre Anndanw

— Bettia